Bondamanjak

Haïti : 12 janvier 2010 – Un témoignage poignant

Lè m te tande otèl Montana tonbe, 13 janvye 2010, gran maten, mwen kite Okay pou m rantre Pòtoprens al chache kote ti frè m ye.

Mwen mache soti Kafou Dewiso pou rive Tigwav apye (menm mwen, m pa t panse mwen te ka fè sa). Mwen travèse mò depi Leyogàn pou jis m rive otèl Montana. Mwen rive lannwit devan otèl la, lite ranpli. Plis pase 300 moun k ap chache fanmi yo. Aprè yon semèn, te rete 20 moun. Aprè twa semèn, te rete nou senk.

Aprè 22 jou, te rete nou twa.

Se pa paske moun yo te sispann renmen fanmi yo kifè yo te dezète plas, pat gen ESPWA ankò.

Men, mwen Sheila Guilloux, mwen te di m ap rete la jiskaske mwen jwenn pa m nan.

Objektif la se te, si Clauvens mouri, omwen, mwen vle li al repoze bò kote manmanm.

Li te di pou mwen anpil, tout fanmi an t ap di m reziyen m. Most of the time, mwen te poukont mwen, san okenn fanmi avè m. Mwen te abite Okay alepòk e mwen te kite pitit mwen dèyè. M kanpe, m chita, dekouvri mò, kriye, rele anmwey chak jou nan otèl la jiskaske mwen jwenn frè m lan le 11 fevrye 2010.

Sa se denyè prèv lanmou mwen te bay ti frè m. Si mwen te gen pouvwa, mwen t ap retire li vivan anba dekonm yo, men Seyè a te deside yon lòt jan. Konsa satisfaksyon mwen se konnen Clauvens ap repoze li lakay li, bò kote manman l, kounye a bò kote frè nou

Doudou.

RIP LITTLE BRO, ALWAYS LOVE YOU

sur le http://lenouvelliste.com/